top of page

Pou Yon Ayiti Miyò

“Dwa fanm yo se dwa moun. San fanm, nou pa p reyalize devlopman dirab. Jodi a, nou dwe ankouraje yon sosyete egalitè.” - Mutchi Obas


Marie Kistcha Mutchi Obas se yon sikològ, jiris, antreprenè, aktivis. Li fèt ak grandi nan pati nò Ayiti. Madam Obas grandi nan yon kay kote manman l ak papa l te enplike tèt yo nan kominote yo; konsa li menm tou, li kontinye swiv tras yo. Jounen jodiya, Madan Obas dirije de (2) òganizasyon: Fondasyon Mutchi Obas ak Zantray Fanm Kreyòl (ZAFAK).




Madam Obas kwè chak timoun gen dwa pou resevwa yon bon edikasyon. Ide sa te fè l fonde Fondasyon Lakou Timoun nan lane 2010, ki jodiya rele Fondasyon Mutchi Obas. Fondasyon Mutchi Obas asite timoun pou ale lekòl, fè atelye pou paran ak pwofesè nan lide pou bati yon sistèm edikasyon ki pi solid. Òganizasyon an bay fòmasyon sou zafè sekirite lekòl, atizana, alfabetizasyon, ak atelye pou timoun; avèk èd ak sipò otorite lokal yo ak moun ki nan kominote a. Yo travay nan diferan zòn andeyò tankou Sen Rafayèl, Lenbe, Obòy, Pòmago, ak Pilat. Fondasyon Mutchi Obas ap edike ak fòme jenerasyon kap vini yo pou yo vin pi konpetan pou bati yon Ayiti miyò.


“Fanm bezwen jere sante seksyèl yo, Ayiti medam yo pè ale wè yon jinekològ akoz konsekans sa k ap genyen. Anplis , li pa fasil pou jwenn swen. Yon nan pi gwo pwoblèm fanm yo rankontre leta Ayisyen enpoze penalite avòtman. Se yon nan rezon ki fè Zantray Fanm Kreyòl (ZAFAK) ap goumen pou repeskte dwa seksyèl ak repwodiktif, fanm yo .”


Zantray Fanm Kreyòl se yon lòt òganizasyon Madan Obas te fonde nan dat 6 avril 2020. Misyon yo se sipòte “emansipasyon konplèt fanm”. ZAFAK fè kanpay sou dwa fanm, kreye pwogram lidèchip politik pou ankouraje fanm yo rantre nan devlòpman Ayiti. Zantray Fanm Kreyòl ankouraje idantite kiltirèl tou, yo bay asistans sikolojik pou fanm ki viktim vyolans. Madam Obas kwè “Dwa fanm yo se dwa moun; si nou pa gen yon sosyete egalitè ki baze sou jistis sosyal ak demokrasi, nou pa ka pale de devlopman dirab.” Madam Obas motive pou l kontinye batay li pou dwa fanm yo gen valè ak respekte an Ayiti. “Fanm sa yo dwe sove. Nou se sòlda, e nou pap sispann goumen.”


Pou devouman l pou tout timoun Ayiti jwenn yon bon edikasyon, batay li pou tout fanm ayisyèn k ap rive enkli ak entegre nan sosyete egalitè, pou dwa fanm respekte, Madan Mucthi Obas se yon Fanm Potomitan !


Fotografè: Ketlain Difficile


Konekte ak Mutchi Obas la

Gade videyo entèvyou li a la (Klike la)






Recent Posts

See All
bottom of page