top of page

Tout Manman Konte!

Updated: Jun 25, 2021

Tout Manman Konte!

Entèvyouve pa: Kathia Pierre

Foto pa: Bijoux Abellard (Bee’s Focal)



Sandra Jean-Louis fèt e grandi an Ayiti. Li ap viv nan peyi Etazini depi 25 lane. Li se yon Teknisyen nan Ekografi Kadyovaskilè .Li se yon divòse e manman yon pitit fi.

Li konprann difikilte yo lè se yon sèl paran k’ap leve timoun ak enpòtans ki genyen pou paran sa yo genyen yon sistèm sipò. Eksperyans pèsonèl li kòm yon manman ki leve pitit li poukont li se enspirasyon’l dèyè Tout Manman Konte.


Depi 2 lane Sandra fonde Tout Manman Konte pou ede e ankouraje non sèlman manman selibatè, men tout paran an jeneral. Platfòm Tout Manman Konte an adrese kesyon blam ak repwòch ki atache sou paran espesyalman fanm yo kap leve timoun poukont yo. Pou nou sispann kritike fanm divòse, manman ki ap leve pitit poukont yo, ak jijman pou manman alawonnbadè. An nou pito sipòte yo epi evite jije yo. Sandra vle pote vwa l pou manman sa yo. Li pote kole pou fè diskisyon sou medya sosyal ak lòt paran kote ke yo diskite diferan sijè epi yo bay youn lòt sipò emosyonèl ak moral. Konvèsasyon sa yo sou chanèl YouTube li pou yon pi gwo odyans ka gen aksè ak yo.


Pifò moun gen tandans kwè ke pi gwo obstak yon manman kap leve timoun poukont li se sèlman pwoblem finans. Nou pa janm pran an konsiderasyon lòt aspè yo. Sandra okouran epi li konprann bezwen manman selibatè yo paske li menm tou li te pase ladann. Sandra di “Pou ou leve on timoun poukont ou, li pa fasil, men li pa enposib." "Nou wè timoun ki ap leve ak yon sèl paran ap fè efò, men nou pa pran tan pou nou peye atansyon ak sante emosyonèl yo.” Li fè fas a anpil defi. Souvan li mande tèt li: “Eske se yon misyon oswa yon pinisyon?


Jean-Louis se yon bon Samariten. Li fè plizyè vizit ak pwòp lajan li al vizite lopital an Ayiti kote li distribye pakè ki gen plizyè bagay andedan yo tankou twous sanitè, kotèks, ak lòt nesesite pou bay fanm ansent ak nouvo manman yo. Malgre Sandra jwenn dekourajman pafwa, li toujou jwenn yon siy ak kèk mesaj ki ankouraje li pou’l kontinye vanse pi devan ak pwojè sa. Sandra kwè ke "doulè yon manman se pou tout manman. Tout manman sansib pou ti pitit yo. Tout fanm kore lòt."



Sandra Jean-Louis se yon Fanm Potomitan paske li bay manman ak paran yo sipò emosyonèl ak moral. Li prete yo zòrèy li lè yo bezwen pale, e li mete tèt li nan pozisyon pou li ede jan li kapab ak sa li genyen.


Nou di Sandra Jean-Louis mèsi pou moun li ye a.








Recent Posts

See All
bottom of page