top of page

DLO POU VIV! (KREYOL)

Updated: Jun 25, 2021

Dlo Pou Viv!


Entèvvyouve pa: Kathia Pierre

Ekri pa:

Tradwi pa: Bijoux Abellard

Fotografye pa: Flaco



Soraya Denis-Papillon te fèt e grandi Brooklyn, New York, men li te pase de twa zane Haiti, jiska laj de sizan. Li se yon manman ak yon madanm marye ki abite nan Sid Florid. Soraya renmen timoun epi li jwenn objektif lè li sipòte ak bay moun ki nan bezwen yo. Motivasyon ak enspirasyon li soti nan pitit fi li e tout lòt timoun li ede an Ayiti yo.

Soraya se fondatris Dlo Pou Viv, yon òganizasyon san bi likratif ki te etabli an 2011 ki baze nan Vil New York, men ki fonksyone sèlman an Ayiti pou defann dirabilite dlo. Sitiye nan Laplaine, Ayiti, li se tou yon sant edikasyonèl ki ofri sèvis apre lekòl pou de san-senkant (250) elèv ki gen laj ant senk a dizwit tan. Objektif yo se edike kominote a sou dirabilite dlo ak enpak li genyen sou timoun, espesyalman tifi yo. Tifi yo souvan plen ak responsablite nan al chache dlo; anjeneral yo gen mwens tan pou lekòl. Edike moun yo sou dlo pwòp ak mete aksan sou enpòtans enfrastrikti dlo pwòp ak kijan li ka benefisye kominote a ansanm ak lekòl yo.


Dlo Pou Viv te reyisi nan bati premye pi dlo yo, ki bay dlo pwòp nan katye a. Òganizasyon Dlo pou Viv sipòte yon lekòl la tou. Kote ke, yo bay founiti, rad, ak lajan bousdetid pou ede paran yo achte inifòm pou pitit yo. Objektif la alontèm pou òganizasyon an se fè yon enpak mondyal, ak etabli diferan chapit pou defann dlo pwòp, ak kouman yo trete li ak dezenfekte dlo.


Travay an Ayiti te anseye Soraya anpil leson. Li te aprann simonte defi yo nan travay nan limit yo ak lojistik nan yon peyi etranje. Anplis, li tou reyalize enpòtans ki genyen nan nan itilize resous ou genyen; fè bon koneksyon ak kenbe relasyon. Soraya te aprann anpil bagay de tèt li atravè Dlo Pou Viv.


"Mwen vin mwens egoyis e mete plis konfyans nan pèmèt òganizasyon an grandi jan Bondye te gen entansyon pou li. Sa mwen aprann tou, li pa yon pwoblèm pou kite anplwaye w vini ak lide ni sijesyon. " Konsèy li bay lòt moun ki enterese nan fè yon diferans, patikilyèman an Ayiti, se pou fè"rechèch ak rechèch. Aprann ki sa Nasyonzini ak òganizasyon sante mondyal yo ap di ak ki kalite konvèsasyon yo ap fè sou enstabilite dlo. Epi fè pati pa w nan fè ti chanjman nan pwòp lavi ou chak jou pou nou ka genyen yon pi bon anviwònman. "


Soraya se ko-fondatris fanm ki enspire fanm, yon mouvman otonòm fanm nan Brooklyn, New York ki te fonde an 2016; Yo onore fanm djanm ak fanm lidè nan kominote Brooklyn nan. Fanm pitit nou yo ka swiv egzanp yo.


Deviz Soraya a nan lavi a se, "nou sou tè sa pou nou sèvi.Lè ou fè sa ki byen, byen ap tounen vin jwenn ou. "


Soraya ap defann pou yon pi bon kominote ak dlo pwòp pou bwè pou tout moun, pandan li ap enspire fanm yo pou yo vini yon pi bon vèsyon de tèt yo - se rezon sa yo ki fè li se yon Fanm Potomitan.


Si ou ta renmen patisipe, ou ka imèl òganizasyon sou lyen sa. Ou ka swiv yo tou sou Facebook ak Instagram. Si ou fè sa, asire w ke ou swete yo yon bon anivèsè de dizyèm ane ke yo ap selebre ane sa an jiyè.





Recent Posts

See All
bottom of page