top of page

Fondasyon Farah Delance: yon inisyativ Fanm, ki pot lespwa, kouraj pou devlopman, kilti ak tifi.

Updated: Apr 27, 2023

Depi nan mwa mas 2021, Farah Delance-Linot, fondatris fondasyon Farah Delance, kòmanse fè yon travay san pri nan kominote ayisyèn lan. Atravè istwa lavi l, li touche ak enspire anpil moun.

Fondasyon Farah Delance se yon espas ki sipòte devlopman, tifi, fanm ki sibi zak maspinay ,ak kadejak. Oganizasyon an ede viktim yo fè fas kare ak presyon soyete a mete sou do yo e ofri yo yon vrè refij kote yo jwenn bon jan sipò.

Fondasyon Farah Delance sipòte kilti peyi Dayiti sou tout fòm; yo òganize anpil aktivite

tankou: festival anliy, e yo toujou patisipe nan Defile Pèp Karayib yo nan Brouklin, Nouyòk chak ane(West Indian Caribbean Parade). Youn nan bèl reyalizasyon yo se te akonpanye yon gwoup Rara al pèfome nan peyi Panama, pou fè tout moun sonje ke Rara fe pati de patrimwan kiltirèl nou; paske pou jèn leyoganèz sa li enpòtan pou nou fokis sou listwa ak lakilti.

Chak ane, fondasyon an mete sou pye yon gwo rasanbleman ki pote non «Worldwide Women’s Empowerment Coalition Symposium» kote yo jwenn sipò ak kolaborasyon anpil lòt òganizasyon pou ede yo reyalize pwojè ke yo genyen.

Ak Fondasyon sa, Madan Delance-Linot toujou montre a klè moun pozitif ak fanm konba ke li ye a: «Depi w panse yon bagay li gentan a mwatye reyalize.»Madan Delance-Linot vle pou fondasyon an toujou rete kòm yon eritaj pou jenerasyon kap vini yo. Renmen moun ak ede moun se pasyon Farah, li pran plezi l nan sa, se menm ti koze sa Farah di nou: «Byen yon moun fè pa janm pèdi.»

Madan Delance-Linot konprann byen tout difikilte yon timoun ki san paran ka fè fas. Paske li menm tou li te leve san lanmou paran li se sak fè li di « Mwen vle yon sous enspirasyon pou tout timoun espesyalman tifi ki òfelen. »

Nou tout rekonèt fòs pèp ayisyen ak kouraj anpil Fanm Potomitan tankou Madan Delance-Linot ki viv anpil moman difisil men ki reprezante limyè pou jènn kap vini avèk istwa lavi yo, yo reziste, epi yo bay tèt yo misyon pou yo reyisi.

Menm jan ak Madan Delance-Linot “Fokis sou rèv ou, depi w kwè l ap reyalize, itilize enposib kòm yon senp mo pa kòm yon estrateji, antoure w de moun ki pozitif epi kwè nan Bondje. Lavi se yon gwo defi, men li kapab tou yon bèl pakou konba, kouraj ak detèminasyon”

Pou pakou li, konviksyon ak deteminasyon li, pou devouman li nan defann kòz fanm ak tifi,pou angajman li pou kilti ayisyen ,Madan Farah Delance-Linot se yon Fanm Potomitan!


Gade Videyo interview a La




102 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page