top of page

Man Lili: Yon Istwa Lanmou pou Kilti ak Kominote

Updated: Oct 30, 2022

Ekri pa:

Fotografè:

Kòmanse yon kote, ou ka jis kòmanse tou piti, men kòmanse yon kote!"

Madan Carmelie Montuma Ismael

Konba pou prezève kilti lokal nan yon peyi tankou Ayiti pa fasil. Nan depatman Sid, espesyalman nan komin Kanperen, kilti lakay ap pran jarèt gras a yon Fanm Potomitan ki ofri tèt li pou sèvi kominote l ki rele Carmelie Montuma Ismaël (Man Lili). Madanm sa a se yon pwofesyonèl, lidè, yon madanm marye, yon potomitan ki pote plizyè chapo. Potorik fanm sa sipòte yon pakèt timoun nan Kanperen e se konsa li te vin jwenn tit “Man Lili” an.

Madan Ismaël fèt grandi Kanperen men li fè etid Inivèsite li Pòtoprens. Li renmen kilti li e li kwè nan richès lakay li. Li leve jwenn paran l yo enplike nan kominote yo. Se pou sa Madan Ismaël te deside swiv tras yo . Se sa ki lakòz li tounen Kanperen pou l mete sa l konnen yo an aplikasyon e pou l mete konpetans li disponib pou popilasyon an nan domèn edikasyon ak aktivite kiltirèl e se nan lide sa ki fè li fonde "Cercle Culturel de Camp-Perrin".

"Cercle Culturel de Camp-Perrin" se yon òganizasyon ki gen dezan depi y ap fonksyone men lide a te la byen lontan. Nan mo pa Madan Ismaël, misyon "Cercle Culurel de Camp-Perrin" se òganize aktivite sosyo kiltirèl pou konekte jenerasyon ki prale a ak sa kap vini an, pou pwomote kilti lakay, e onore kèk moun ki ap fè yon bon travay nan kominote a nou konsidere kòm mapou ki fè fyète nou. “Li enpòtan pou n konnen rasin nou”. Pa gen twò lontan de sa òganizasyon an te mete sou pye “ 2 Jounen ” ki dire de(2) jou kote yo t ap vann liv e fè kèk don tou; te genyen kèk ekriven ki te la pou siyen liv yo e yo te menm fè yon ti kozri ak ekriven sa yo tou. "Vin li" se yon lòt aktivite Madan Ismaël ak ekip li kreye pou ankouraje jènn yo vin li.

Madan Ismaël gen plis pase dizan depi l ap bay sipò nan kominote Kanperinwaz la. Li toujou prezan nan bon tankou nan move moman. Apre gwo goudougoudou ki te frape gran Sid la nan dat 14 dawout 2021, pandan yon mwa Madan Ismaël (Man Lili) ak ekip li (Ban dèyè Man Lili) te rive pote asistans bay fanmiy nan plis pase 30 lokalite nan komin Kanperen nan bay manje, dlo, rad, ak medikaman; li te ede ekip medsen/enfimyè ki tap asire swen tout kote nan komin nan.

Madan Ismaël se yon moun ki fè tout bagay li antreprann ak respè paske respè se yon prensip papa l te montre l e se yon fyète pou li. Prensip sa te rann vi pèsonèl Madan Ismaël fasil. Lè "Cercle Culturel de Camp-Perrin" te fenk kòmanse, Madan Ismaël te rankontre kèk difikilte kote kominote an pa te vrèman enterese ak òganizayon an , men lè yo te reyalize òganizayon an t ap benefisye yo, moun nan kominote an te vin motive, epi depi lè sa se youn di lòt epi nouvèl la gaye. Nan moman difisil Madan Ismaël jwenn fòs nan konfyans li nan Bondye.“ Mwen kwè anpil nan Bondye, nan lanmou ak nan konpasyon. Menm jan Bib la di sa: "Renmen tèt ou menm jan w ta renmen yo renmen w", se nan sa m baze m nan tout sa map fè.

Nan lane 2018 Madan Ismael fonde "Renaissance Haïti" nan zafè konkou antreprenarya sou sa ki gen rapò ak valorizasyon pwodui lokal nan lide pou bay kilti ak pwodui lokal yo valè. Ansanm ak "Renaissance Haiti", Madan Ismaël travay nan prèske tout kwen peyi a. Youn nan chanpyon konkou antreprenarya an sòti nan zòn Benè, Ayiti ak yon pwojè sou lwil maskreti ki ap vann kounya Etazini ak Lafrans ki rele " 100% Bainet ".

Si yon moun gen pou li fè nenpòt ki bagay Madan Ismaël bay konsèy sa: “Kòmanse yon kote, ou ka jis kòmanse tou piti, men kòmanse yon kote pa di aksyon ou pral fè a pa gen valè e moun p ap konprann li. Premyèman, fè yon bagay ak pasyon e lanmou, yon bagay ou santi w byen ladan l. Kòmanse yon kote kanmenm se yon bagay. Flanm ki andendan chak ayisyen konte pou ayiti reviv. Nou chak gen yon bagay nou kapab fè! Nou chak genyen yon misyon. Fè l epi wa wè enpak ou ka fè, gen anpil moun kap swiv ou san w pa rann ou kont. Fè Byen pa janm pèdi. "

Pou devouman l pou kenbe e pwomote kilti lakay, sipò l e lanmou pou kominote l, Madan Carmelie Montuma Ismaël se yon Fanm Potomitan!

Kenbe kontak ak Carmelie Montuma

Gade Video an la (here.)

Nomine yon Fanm Potomitan la (HERE)




Recent Posts

See All
bottom of page