top of page

Piplis Pase yon Edikatè!

Piplis Pase Yon Edikatè!

Ekri pa: Bee Abellard, Cathia Pierre, & Prettie Augustin,

Entèvwouwe pa: Cathia Pierre, Prettie Augustin, Catherina Davius

Photografye pa - @Daph.King



Dulyne se yon pwofesè ak Asistan Direktè k ap travay nan vil New York. Li te fèt Okap, Ayiti. Dulyne te enspire pou vin yon Administratè lè li reyalizeki nivo enstriman yon lidè lekòl ye. Li enspire pou li menm kapab yon pon ki pèmèt lòt moun akonpli sa li menm li te kapab akonpli e menm rive pi lwen pase li.

Nan 2016, Dulyne te lanse yon inisyativ pou amelyore nòt elèv yo nan Egzamen Leta yo. Travay li fè a konsantre sou idantifye fòs elèv yo, preferans lekti yo, ak kreye leson ki koresponn ak kilti yo. Li te vle fèmen twou vid ki genyen nan fason elèv sa yo aprann ki pa leve nan kilti Ameriken an. Avèk sipò kominote li, li devlope ak fasilite yon seri atelye pwofesyonèl ki vize pou amelyore konpetans pwofesè yo ak rezilta elèv yo nan egzamen Leta yo.

Siksè akademik la te amelyore anpil anba lidèchip Dulyne. Konpetans elèv yo nan lekti ak ekri te monte soti nan 67% nan 2015 a 86% nan 2016. Dulyne bay kredi ak sak fèt la nan atitid li, eksitasyon, ak inovasyon ak dirijan aprantisaj granmoun nan kominote a.

Dulyne kwè "Yon lidè efikas konprann ki jan elèv yo aprann pi byen. Yon bon lidè konprann bezwen anplwaye li yo, sitou sa ki nesesè pou yo ka devlope pratik yo. ”

Dulyne kolabore ak MIPO Inc (yon Organization). MIPO bay yon pwogram fòmasyon entansif, pou pwofesè nan wòl lidèchip. Li pèmèt lòt edikatè yo itilize teknik ki baze sou rechèch ak metòd yo aprann nan ekspètiz ekip MIPO a ki an retou pral enfliyanse siksè elèv yo.

Dulyne fè efò chak jou pou ede nan edikasyon pou timoun Nwa. Li aktyèlman ap eksplore fason pou li pote sa li te aprann yo nan peyi li Ayiti. Sa se rèv li.

Ede lòt atravè edikasyon se poutèt sa Dulyne Desmangles se yon FANM POTOMITAN!







102 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page