top of page

Sèvi kominote li!

Sèvi kominote li!

Entèvyouwe pa: Kathia JB Pierre, N.Prettie Augustin, Catherina Davius

Ekri pa Bijoux Augustin-Abellard, Kathia JB Pierre, N.Prettie Augustin & Kency Desmangles

Fotografye pa: Ali P. Rehan



Naika Charles D'Haiti se yon fòs ke tout moun dwe rekonèt. Naika ap ede kominote li Kan Peren, Ayiti depi an 2008.


Naika te fèt e grandi Kan Peren, Ayiti; men li gen trant tan depi l ap viv Etazini. Li dekri tèt li kòm yon fanm de fanmi ak karyè; yon lidè nan kominote li ak yon konseye espesyalman pou jenès yo; yon filantwòp ak vizyonè-solisyonis. Li se yon imanitè. Yon fanm infliyan.

Jodi a Naika se fondatè, e ki kanpe dèyè Pwojè St Anne. Yon pwojè ki te kòmanse pou bay moun ki nan bezwen yon pla manje e konsa yo vin grandi. Yo atake youn nan pwoblèm ki pi enpòtan ki fè fas ak Ayiti: mank de edikasyon. Naika kwè ke kle pou Ayiti rive kote li bezwen an se nan edikasyon. “Edikasyon se sa Ayiti ak lemonn bezwen. Haiti bezwen rekipere plas lejitim li kòm La Perle des Antilles, men se pou pèp la byen edike. "


Misyon Pwojè St Anne se anrichi kominote a ak inisyativ sosyal nan bay sipò edikasyonèl, nitrisyonèl, ak finansye. Baz konsantrasyon òganizasyon an se edikasyon. Kounye a, òganizasyon an nan faz bati yon lekòl nan kan Perrin. Yo gen yon lidè nan kan Perrin pou fè rechèch, rekrite epi idantifye zòn kote fanmi yo ak timoun yo ye ki bezwen sipò e ka benefisye de pwogram sa. Pwogram nan te kòmanse ak uit timoun e kounye a, li patwone de san-trant-twa timoun. Objektif yo se kreye yon bagay dirab ki pa sèlman ede moun ki nan bezwen, men tou, ede kominote a grandi ekonomikman.


Naika kwè nan wouze jenerasyon kap vini an, li vle kreye yon kote ki an sekirite kote timoun ki defavorize yo ka aprann, manje ak grandi. Li kwè nan ede sa ki pa nan posiblite nan kominote a. Li ret kwè fò w ou kab viv nan le prezan". Deviz li se: panse pozitif epi ou dwe rekonesan.


Sèvi ak louvri wout pou yon pi bon avni pou kominote li se pou sa Naika Charles D'haiti se yon Fanm Potomitan!


Pou patisipe, bay kout men, ede finansyèlman - tanpri kontakte Naika dirèkteman pa imèl: naikadahiti@gmail.com. Oswa si ou ta renmen bay yon don, vizite sit entènèt yo nan https://projectstanne.org/make-a-donation/

Ou ka kontakte li tou sou Instagram li: @naikacd

oswa Facebook: Naika Charles D'Haiti







Recent Posts

See All
bottom of page